Okap – Dife ravaje mache Clugny : men istwa patrimwàn sa ki kreye an 1896 trennen dèyè l

Nan lannwit 24 pou bout 25 janvye 2026, yon gwo dife detwi Mache Clugny (Marché an Fè) nan Okap, youn nan pi gwo senbòl istorik, ekonomik ak kiltirèl vil la. Trajedi sa a pa sèlman yon pèt materyèl, men yon gwo blesi pou patrimwàn, memwa ak lavi ekonomik Vil Kap-Ayisyen.

Mache Clugny, ki konstwi nan fen 19yèm syèk la epi inogire dimanch 13 septanm 1896 sou prezidans Florvil Hyppolite, se yon moniman achitekti sivil remakab. Batiman an fèt an fè ak font, yon modèl estrikti modèn pou epòk la, epi li vin tounen youn nan poto mitan lavi ekonomik Okap.

Mache a bati sou Place Clugny, nan zòn ki fòme ri 9 rive 11 ak I rive K. Selon dokiman istorik yo, espas sa a te yon ansyen marekaj nan peryòd kolonyal, ki te vin seche pou pèmèt konstriksyon mache a, yon pwojè ki te pran plizyè dizèn ane refleksyon, envestisman ak planifikasyon.

Pwosesis long sa te tanmen depi 1752, epi finalize an 1896 : kreyasyon plas Clugny 12 janvye 1764, ki ta pral vin tounen mache « des nègres » 26 janvye 1766. Plizyè lane aprè mache « Clugny » 13 septanm 1896.

Nan tan lontan, Mache Clugny te òganize pa sektè : kote Lès espas la ou twouve legim; kote sid la se vyann mouton, vyann kochon, sosis; kote Lwès la se volay vivan, kokiyaj, pwa, mayi, pitimi, pen, kasav, patat, yanm, tayo, bannann, epi pwodwi agrikòl tout kalite; kote Nò a ou jwenn tout sòt pwason, lanbi, palout, zwit.

Li te yon sant komès vivan kote lavi ekonomik vil la te bat fò chak jou. Plizyè miilye moun te konn vini chak semèn pou vann, achte epi soutni lavi fanmi yo. 

Sous istorik yo rapòte plis pase 15,000 moun te konn rasanble nan mache a chak dimanch pou fè echanj komèsyal. Mache Clugny pa t sèlman yon mache, men yon pilye nan sekirite alimantè, aktivite ekonomik ak idantite Kap-Ayisyen.

Samdi 24 janvye 2026, anviwon 10è 30 nan aswè, yon dife vyolan eklate epi ravaje yon gwo pati nan estrikti a ansanm ak machandiz plizyè santèn ti komèsan. Anpil machann pèdi tout sa yo te genyen, mete mwayen lavi fanmi yo an gwo danje.

Pèt la se pa sèlman ekonomik. Se yon gwo kou pou patrimwàn istorik Ayiti, pou memwa kolektif Kapwa a. Pou anpil moun Okap, destriksyon Mache Clugny se tankou yo pèdi yon gwo moso nan nanm vil la.

Foto istorik yo montre kijan mache a te tounen yon sous fyète pou popilasyon an depi fen 19yèm syèk la. Jounal epòk la te menm dekri inogirasyon li kòm yon jou fèt pou tout vil Okap.

Jodi a, yon evalyasyon domaj yo ap fèt pou mezire kantite pèt materyèl yo. Men kesyon ki pi enpòtan an rete : èske Mache Clugny ap rebati kòm yon senbòl rezilyans ak fyète, oswa èske Okap ap pèdi yon pati enpòtan nan eritaj li pou tout tan ?

Trajedi sa a lanse yon apèl ijan pou pwoteksyon patrimwàn istorik la, pou solidarite ak ti machann yo, epi pou yon mobilizasyon lokal ak nasyonal pou rebati Mache Clugny. Paske Mache a pa t sèlman yon mache, li se te batman kè ekonomik, istorik ak kiltirèl vil Okap.

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *