Yon sitiyasyon grav ap simen laperèz nan Dam Mari, depatman Grandans, kote yon maladi ap touye plizyè bèf epi kèk moun ki konsome vyann bèt ki mouri yo ap plenyen gwo doulè nan vant. Abitan yo mande yon entèvansyon ijans.
Laperèz ap grandi nan komin Dam Mari, kote yon maladi yo poko idantifye ap touye anpil bèf. Pi grav toujou, plizyè moun ki ta konsome vyann bèt ki mouri yo deja kòmanse soufri gwo doulè nan vant. Sitiyasyon an soulve gwo kè sote pou sante popilasyon an ak pou avni fanmi ki depann de elvaj.
Ernst Rotyllay Dirette lanse yon apèl ijan bay otorite yo pou yo aji san pèdi tan. Li mande Ministè Agrikilti ak Ministè Sante Piblik ak Popilasyon (MSPP) voye ekip espesyalize sou teren an pou idantifye kòz maladi a, verifye risk pou moun yo epi pran mezi pou anpeche li pwopaje.
« Betay la se tankou kaye labank peyizan yo », raple Ernst Rotyllay Dirette. Pou anpil fanmi, chak bèf reprezante ekonomi, manje ak espwa pou demen. Yon repons rapid pa dwe tann, paske dèyè chak bèt ki mouri gen yon fanmi k ap pèdi youn nan pi gwo mwayen li genyen pou l siviv.
