Anba rit bizango ak chanpwèl, KNVA entwonize Leonel Mompoint Mondestin kòm nouvo Anperè Nasyonal Vodou a [REPÒTAJ]

yon repòtaj kolaboratè nou, jounalis-kameramann Yvon Séïde — Konfederasyon Nasyonal Vodouyizan Ayisyen (KNVA) òganize vandredi 22 me 2026 la seremoni entwonizasyon Anperè Nasyonal Vodou a, Leonel Mompoint Mondestin. Se nan prezans direktè jeneral Kilt la, Joël Turenne, ansanm ak plizyè santèn vodouyizan ki soti toupatou nan peyi a, gran evènman sa dewoule.

Depi w fè sa ou parèt nan sal la, atmosfè a deja bay ton an. Moso twèl wouj ak nwa ap flote sou mi yo, pandan son tanbou yo ap monte tankou yon apèl mistik k ap rasanble pitit Ginen yo. Tout espas la benyen ak koulè chanpwèl ak bizango : wouj pou fòs, nwa pou mistè ak memwa zansèt yo. Odè lansan ap monte dousman nan sal la, pandan plizyè santèn vodouyizan, fwe kou kola 15, deja pran plas yo avèk anpil respè ak disiplin.

Nan premye ranje yo, gran sèvitè, Manbo ak Ougan ki soti nan diferan depatman peyi a ak envite tout plim tout plimay. Konesans ap fèt nan chak bout kwen sal la. Ti bat bouch, akolad, chante rit sakre yo, pandan kèk inisye ap frape ason yo tou dousman. Tout moun sanble konprann y ap viv yon moman istorik pou Vodou ayisyen an.

Se nan mitan son tanbou ak chante seremoni yo, Manbo Marie-Jeanne, « Gran Sèvitè Kata Igwey » KNVA a, ak yon vwa fèm, envoke fòs mistik yo pou akonpaye rèy nouvo Anperè a.

« Nou envoke fòs mistik yo pou rèy ou kapab reyonnen nan tout peyi a epi make yon lòt etap vivan pou KNVA », se sa l deklare anba gwo aplodisman.

Pou anpil patisipan, entwonizasyon sa a depase senp kesyon espirityèl. Yo wè l kòm yon etap enpòtan nan batay pou rekonsilye Vodou a ak sosyete ayisyèn nan, aprè plizyè deseni stigmatizasyon ak rejè. Se nan sans sa a, direktè jeneral Kilt la, Joël Turenne, raple dat istorik 4 avril 2003, lè yon arete prezidansyèl te rekonèt Vodou a ofisyèlman menmjan ak lòt relijyon yo nan peyi a.

« Nou dwe aplike yon modèl nan KNVA ki sipoze vin tankou yon viris pou enfekte chak grenn vodouyizan pou travay pou lapè dirab nan peyi a », fè konnen responsab kilt la.

Lè moman santral seremoni an rive, sal la vin prèske an silans. Je tout moun fikse sou Leonel Mompoint Mondestin, nouvo Anperè Nasyonal Vodou a, ki kanpe avèk anpil kalm nan mitan gran sèvitè yo. Ak anpil emosyon, li pwomèt pou travay pou relansman Vodou a epi pwoteje eritaj zansèt yo.

« Nou dwe rekonesan pou sa zansèt yo fè pou nou. Travay sou tras yo pou Vodou a toujou rete debou nan je lemond », se sa li swete.

Nouvo Anperè a lanse tou yon apèl espesyal bay sosyete sekrè yo, li konsidere kòm poto mitan tradisyon Vodou a, pou mete tèt ansanm pou ranfòse inite ak solidarite nan mitan vodouyizan yo.

Pandan tanbou yo ap kontinye sonnen byen fò pou fèmen seremoni an, anpil patisipan kite sal la ak santiman yo sot viv yon moman ki kapab make yon nouvo chapit nan òganizasyon ak vizibilite Vodou ayisyen an, gras ak KNVA.

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *