Sitiyasyon an rete trè mangonmen ant Etazini ak Iran. Pandan lagè a sanble sou bò eksploze, Donald Trump deside bay yon ti tan anplis pou negosyasyon… men danje a poko disparèt.
Daprè deklarasyon ki soti bò kote Donald Trump, li dakò pou fè yon ti kanpo pandan 2 semèn nenpòt operasyon militè kont Iran. Desizyon sa a vini pandan negosyasyon yo ap kontinye dèyè rido, menm lè pinga Ameriken an te prèt pou fini, nan 1nèdtan.
Nan menm sans lan, li fè konnen li ouvè pou yon sispann eskonbrit, men ak yon kondisyon klè : Iran dwe relouvri nèt « Détroit d’Ormuz » la, yon pasaj estratejik pou komès mondyal la. Zòn sa a gen gwo enpòtans pou transpò petwòl atravè lemond.
Men malgre ti relachman sa a, tansyon an rete wo. Mond lan ap swiv chak mouvman, paske nenpòt erè kapab mennen nan yon gwo konfli ki ka kontinye boulvèse ekonomi ak sekirite entènasyonal la. kesyon k ap poze : èske se lapè… oswa sèlman yon ti poz avan yon pi gwo eksplozyon ?
