Yon jèn fanm otorite yo prezante kòm « Baby Love » sibi yon atak brital ki lakòz gwo endiyasyon sou rezo sosyal yo. Lapolis ak lajistis deja lanse rechèch pou jwenn Esther Thomas, yo konnen sou non « Nice-B », yo akize dèske li te prezan epi patisipe nan zak la.
Daprè yon videyo k ap sikile sou rezo sosyal yo depi samdi, 2 jèn gason, chak ak yon manchèt, ap rache viktim nan pandan li kouche atè epi ap mande pitye. Pandan sèn brital la, yo tande yon vwa fanm k ap repete : « Koupe tèt la, ban m tèt la. » Plizyè moun sou rezo sosyal yo idantifye vwa sa a ak Esther Thomas, alyas « Nice-B ». Akizasyon sa yo poko jwenn konfimasyon endepandan, men yo deja pwovoke yon gwo vag endiyasyon nan peyi a.
Anviwon 24 èdtan aprè videyo a te vin viral, otorite jidisyè ak lapolis yo anonse yo ap chèche jèn fanm nan. Komisè gouvènman Kwadèboukè a, Guy Alexis, bay yon manda dèyè Nice-B epi mande responsab polis yo nan depatman Lwès la pou arete li epi mennen li devan lajistis. PNH la mete yon avi rechèch sou li pou asasina, tantativ asasina ak asosyasyon malfektè. Komisè a raple zak asasina sa a tonbe anba dispozisyon Kòd penal ayisyen an.
