Jean-Charles Moïse denonse, gouvènman an defann li : Men sa ki kache dèyè 306 atik dekrè min 30 mas 2026 la

Pandan Jean-Charles Moïse ap denonse yon swadizan plan pou vann richès peyi a bay etranje, ankèt O-News 1ère mennen montre dosye dekrè sou aktivite min yo pa soti jodi a. Men kesyon ki rete poze a se : èske yon gouvènman tranzisyon gen lejitimite pou pran yon desizyon ki kapab angaje avni ekonomik peyi a pandan plizyè dizèn lane ?

Depi plizyè jou, dekrè 30 mas 2026 la sou aktivite min yo ap pwovoke gwo diskisyon nan peyi a. Alòske ansyen senatè Jean-Charles Moïse ak lòt kritik ap akize gouvènman defakto Alix Didier Fils-Aimé a dèske li ta sou wout pou livre richès peyi a bay enterè etranje, O-News 1ère mennen yon ankèt pou konprann vrè orijin dokiman sa a ak sa li genyen ladan l.

Selon enfòmasyon plizyè sous pataje ak O-News 1ère, dekrè sa a pa yon inisyativ ki fèt nan peryòd tranzisyon an. Rasin li remonte nan lane 2012-2013, lè yon gwoup ekspè ki soti nan plizyè enstitisyon leta te kòmanse reflechi sou nesesite pou modènize lwa minyè peyi a ki te date depi 1976. Nan epòk la, Ministè Travay Piblik, Ministè Ekonomi ak Finans, Ministè Anviwònman, Biwo Min ak Enèji ansanm ak lòt enstitisyon te patisipe nan travay sa a avèk sipò kèk ekspè Bank Mondyal pou te ede adapte kad legal la ak estanda entènasyonal yo ki gouvène sektè minyè a.

Men malgre tout demach teknik sa yo, kesyon politik la rete antye. Palman an pa t janm rive vote oswa adopte dokiman sa a. Poukisa ? Èske se paske dokiman sa a t ap vann peyi a ? Èske se paske li te vle pran tout resous peyi a pou likide yo bay etranje ? Sous nou pale ak yo eksplike nou pwoblèm prensipal dokiman an te poze nan epòk 2012-2013 la, ansanm ak lòt lejislasyon ki te vin aprè yo, se paske yo te estime li te genyen twòp atik : 306 atik, alòske tèks legal 1976 la te genyen anviwon 80 atik.

Donk, kòm dokiman an pa t janm vote, li te rete nan tiwa pandan 13 lane. Kounye a, se yon gouvènman tranzisyon ki vini fè piblikasyon li pou li tounen yon dekrè, alòske Palman an te gen posibilite pou li te fè li tounen yon lwa, se sa youn nan sous yo souliye. Kèk obsèvatè ki pale ak nou, mande poukisa se yon pouvwa tranzisyon ki chwazi mete yon dosye tèlman estratejik sou tab la jodi a ? Pou yo menm, kesyon an pa sèlman sa ki ekri nan dekrè a, men kiyès ki gen dwa pran yon desizyon konsa nan non pèp ayisyen an.

Daprè sous la, dekrè 30 mas 2026 la sou kesyon min nan peyi a, si nou vle wè l konsa, se tankou yon tantativ pou adapte yon lwa ki te vin pèdi enpòtans li aprè 50 lane. Tèlman gen dlo ki koule anba pon an, anpil bagay chanje, anpil kesyon antre nan yon lòt dimansyon. Li vin klè yo te chèche fè adaptasyon ki nesesè yo.

Men poukisa 306 atik ? Se paske moun ki t ap ekri dokiman an te vle detaye tout aspè yo pou pa kite twòp vid legal, se sa yon sous ki pwòch gouvènman an tante eksplike. Gen kèk espesyalis ki fè remake dokiman an se yon lwa-kad. Pa egzanp, si nou pran dokiman 1976 la, n ap aprann li te fèt sitou pou pwospeksyon minyè. Atik 6, alinye 13 nan dekrè mas 2026 sou kesyon min nan eksplike sa trè klèman.

« Aprè 50 lane, lejislatè yo estime li pa dwe chita sèlman sou pwospeksyon. Li dwe antre nan kesyon eksplorasyon, eksplwatasyon, epi konvansyon minyè yo. Konsa, si gen eksplwatasyon ki fèt, sa kapab fèt sou yon baz legal ki klè olye li fèt sou baz aranjman oswa akò ki pa byen defini », se sa sous la eksplike nou.

Paske youn nan bagay dekrè mas 2026 la vin korije, daprè sa li kontinye di, se kesyon pratik ki te konn fèt sou baz ka pa ka. Yon konpayi te ka jwenn yon privilèj, yon lòt te ka jwenn yon avantaj diferan, elatriye. Nan sans sa a, kèk espesyalis estime nouvo tèks la chèche mete menm règ pou tout aktè ki ta enterese opere nan sektè minyè a.

Sepandan, kesyon ki kontinye divize opinyon piblik la pa sèlman sa ki ekri nan dekrè a. Pou anpil obsèvatè avize, pwoblèm nan se sitou kesyon lejitimite. Yo dakò peyi a bezwen yon nouvo kad legal pou kesyon min yo, men yo pa dakò yon gouvènman tranzisyon ki pa eli ta dwe angaje peyi a nan yon dosye ki kapab gen konsekans ekonomik, sosyal ak anviwònmantal pandan plizyè dizèn lane. Pou yo menm, se Palman an oswa yon pouvwa ki sòti nan eleksyon ki ta dwe pran yon desizyon konsa.

Nan ka sa a, obsèvatè sa yo konsidere kritik Jean-Charles Moïse yo tankou yon alèt ki lanse bay fòs vivan sosyete a pou denonse yon posib derive gouvènman pou yon ti bout tan an depi kèk tan.

Sosyete a dwe pran kesyon sa a trè oserye, sitou lè n ap konsidere egzekitif Alix Didier Fils-Aimé a deja siyen plizyè kontra ak etranje ki, daprè anpil kritik, pa sanble sèvi enterè siperyè peyi a.

Pa dwe gen okenn konpwomi, okenn antant an kachèt ant mafya nasyonal yo ak pouvwa politik la sou kesyon richès peyi a. Resous sa yo se patrimwàn tout pèp ayisyen an. Yo pa pou yon ti gwoup privilejye, men pou chak grenn Ayisyen, jodi a ak pou jenerasyon k ap vini yo.

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *