Desizyon Depatman Deta ameriken pran pou revoke viza kèk manm Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an (KPT) ak fanmi pwòch yo depase senp kad diplomatik. Sa se yon lòt demonstrasyon dominasyon politik, kote sanksyon yo vin tounen yon rigraz pou fwete moun, entimide, epi sal imaj responsab ayisyen yo konsidere twò endepandan.
Dèyè diskou ofisyèl sou batay kont koripsyon ak ensekirite, Washington kontinye enpoze lwa li sou Ayiti, tankou si peyi a se te lakou rekreyasyon li. Revokasyon viza yo pa sèlman yon mezi administratif, se yon sanksyon piblik, yon ekspozisyon imilyan sou plan entènasyonal ki vize kraze karyè moun epi voye yon mesaj klè bay dirijan k ap vini yo.
Pi grav toujou, estrateji sa a mache ansanm ak yon naratif danjere : asosye sistematikman ofisyèl ayisyen yo ak gang, rezo kriminèl oswa kèk teyori ki pa pwouve. Ak akizasyon san transparans jidisyè, sanksyon yo tounen yon zouti pwopagann politik, ki fè responsab yo pase pou koupab nan medya avan nenpòt ankèt serye fèt.
Mekanis sa a sèvi tou pou kenbe elit politik la anba kontwòl. Nenpòt ofisyèl ki refize swiv lòd oswa enjonksyon ameriken yo ekspoze ak imilyasyon diplomatik, stigmatizasyon piblik ak izòlman entènasyonal. Konsa, se yon gouvènans anba presyon k ap konstwi, kote souverènte nasyonal la ap piti piti ranplase pa obeyisans jeopolitik.
Ayiti pa ka kontinye aksepte pratik chantaj sa a kòm yon nòmalite. Batay kont koripsyon ak enpinite dwe fèt avèk enstitisyon ayisyen ki solid, pa avèk sanksyon etranje ki sèvi ak kritè politik. Lè Washington ap pini a distans, li pa rezoud anyen : li febli Leta ayisyen, alimante defyans, epi kontinye sik depandans ak imilyasyon.
