Yon videyo kolektif Thòy’Art pibliye 1ye janvye 2026, kote kèk timoun parèt ladan l, pwovoke yon gwo reyaksyon sou rezo sosyal ayisyen yo. Lè mouvman an mande pou tout otorite ak fanmi yo viv Ayiti, nan zòn yo reprezante a, li louvri yon gwo deba nasyonal sou responsablite politik.
Mesaj la klè, dirèk, san pase akote : dirijan yo dwe viv menm reyalite ak pèp yo ap dirije a. Videyo a vin viral rapidman, epi li jwenn gwo sipò nan men popilasyon an. Anpil sitwayen wè kanpay la kòm yon apèl kouraj pou mete fen nan gwo diferans ki egziste ant elit yo ak pèp la.
Pou Martine Phebé, tout moun konnen kòm Mètrès Thòy’Art, inisyativ la repoze sou yon lojik senp : « Lè responsab yo ap viv ak fanmi yo nan peyi a, yo santi pi byen nesesite pou kreye pi bon kondisyon lavi ».
Avèk slogan « Pa gen batay san nanm ! », fanm djanm lan lanse apèl bay atis, enfliyansè ak pèsonalite piblik pou fè mesaj la tounen yon mouvman nasyonal. Rapè Blaze-One, alyas Vètèalaparèy, deja antre nan mouvman an avèk yon mizik angaje, epi li vin youn nan premye figi atistik kanpay la.
Malgre majorite ayisyen apiye lide a, gen kèk vwa kritik, tankou ansyen senatè Sidès Edwin Zenny ki, ak anpil awogans, derespekte Mètrès Thòy’Art. « M fè politik pou plezi. Se mwen k pou rete nan k*k* nou an. Pou m gate avni timoun mwen paske papa l nan politik. Kokorat pa devlope peyi, se milyonè ki devlope peyi », se sa li deklare, tankou moun ki manje gèp panyòl.
Men olye polemik la ralanti mouvman an, li rann li pi vizib toujou. Thòy’Art kontinye avanse ak detèminasyon, epi li poze yon kesyon kle : « èske ou ka dirije yon peyi san ou pa viv ladan l vre ? ». Yon kesyon ki ka chanje fason sitwayen yo wè lidèchip epi make yon nouvo etap nan angajman sivik Ayiti.
