Mèkredi 31 desanm 2025 lan, lajistis Okap mete lokal Feu-Vert Night Club anba sele, yon espas senbolik ki lye dirèkteman ak Gran Òkès Septantriyonal. Aksyon jij pou lapè Seksyon Nò Okap la, Mèt Énave Bien-Aimé, vin konfime pwofondè kriz entèn k ap brase bil youn nan pi gwo moniman mizik ayisyen an.
Mete sele sou Feu-Vert Night Club la se pa yon aksyon senp administratif. Se yon siyal fò ki montre jan sitiyasyon an vin grav nan zafè Septantriyonal la. Lokal sa a, ki se yon senbòl istorik pou Òkès la, tounen jodi a temwen dirèk yon konfli ki depase kad mizik pou antre nèt nan batay pouvwa ak kontwòl patrimwàn.
Depi anviwon 2 lane, tansyon an ap ogmante anndan Gran Òkès Septantriyonal. 2 faksyon ap toke kòn, chak reklame lejitimite sou direksyon Òkès la. Nan batay sa a, jesyon an vin pi dezòdone, pi frajil, epi anpil obsèvatè denonse yon sitiyasyon ki ka mennen nan disparisyon pwogresif yon eritaj mizikal ki fè fyète Ayiti sou sèn nasyonal ak entènasyonal la.

Kriz sa a pa nouvo. An 2023 deja, yon gwo konfli te eklate ant eritye 2 ansyen fondatè yo : twonpetis Jacques Alto ak saksofonis Ulrick Pierre-Louis. Youn nan eritye Jacques Alto a te akize Ulrick (Rico) Pierre-Louis k ap fè yon jesyon « pèsonèl », « san transparans », epi « katastwofik » pou avni patrimwàn Septantriyonal la. Dezakò sa yo te debouche sou premye sele lajistis te poze sou Feu-Vert, 25 me 2023, ak jij pou lapè Mèt Samuel Philipaux.
Jodi a, ak nouvo sele sa a, kesyon an vin pi ijan pase tout tan : èske Gran Òkès Septantriyonal ap rive soti nan lagè entèn sa a pou sove eritaj li, oswa èske konfli sa a pral fini pa etenn « boul dife » mizik ayisyen an ? Repons lan depann de kapasite aktè yo pou mete enterè patrimwàn lan pi wo pase enterè pèsonèl yo.

Kòlè a kòmanse monte sou tout rezo sosyal yo, kote yo deja anvayi ak kòmantè chaje endiyasyon. Reyaksyon sa yo montre klèman fristrasyon fanatik mizik yo, ansanm ak anpil ayisyen an jeneral, ki atache ak eritaj kiltirèl peyi a.
Jodi a, yon apèl ijan lanse pou sove enstitisyon mizikal istorik sa a, ki te fonde 27 jiyè 1948, aprè fizyon gwoup « Le Trio Symphonia » ak « Le Quatuor Septentrional ».
