Aprè arestasyon animatè vedèt Carel Pedre la nan Broward, Ozetazini, pou akizasyon vyolans domestik, dosye a pran yon lòt dimansyon. Anplis aspè kriminèl la, non jounalis kiltirèl la parèt sou « Immigration Hold », sa ki relanse yon deba cho sou rezo sosyal yo, kote opinyon yo divize nèt.
Lendi 22 desanm 2025 lan, jounalis kiltirèl ayisyen an, ki gen 45 lane, te parèt devan yon jij. Majistra a mande pou l peye yon kosyon 1 000 dola ameriken, daprè enfòmasyon ki rann piblik sou paj Fesbouk « Broward Sheriff’s Office ».
Yon lòt bò, selon enfòmasyon ofisyèl Biwo Lapolis Broward, dosye Carel Pedre la plase sou « Immigration Hold », sa vle di ICE mande lapolis lokal la kenbe li, menm si dosye kriminèl la ta regle. San dout, l ap pare l pou tande jounalis ayisyen an.
Avoka imigrasyon Mèt Eddy Laguerre eksplike « LSV Média » 2 pwosedi yo ap mache youn bò kote lòt : dosye kriminèl la devan yon tribinal, epi dosye imigrasyon an devan yon lòt. Ankèt la ap kontinye, pou kounye a, pa gen okenn kondanasyon ki pwononse.
Ant sipò ak kondanasyon, dosye Carel Pedre la depase kad yon arestasyon senp : li louvri yon gwo refleksyon sou pouvwa medyatik, responsablite figi piblik yo, epi fason sosyete a jije avan lajistis pale.
Crédit 📸 : LSV Média
