Moun nan depatman Nò peyi Ayiti, espesyalman nan chèf zòn nan, Kap-Ayisyen, ka konstate yo anba gwo lapli san rete depi kòmansman semèn sa a. Nou poko nan sezon lapli, ni nan peryòd siklòn; kisa ki esplike gwo lapli san rete sa yo ? Eksplikasyon ak yon espesyalis.
Nan Amerik di Nò, nou toujou nan sezon ivè; li fè frèt anpil. Gen mas lè frèt (front froid nan lang franse) ki konn deplase vin nan Karayib la, kote li fè cho. Mas lè frèt sa yo se rès tanpèt nèj ki fin pase Ozetazini ak Kanada. Lè mas lè frèt sa yo rankontre ak lè cho Karayib la ki chaje imidite, chòk 2 tanperati sa yo pwovoke lapli epi bese tanperati zòn nan, daprè jewograf Jerry ST FLEUR.
Anplis sa, alize yo, ki se van k ap soti sou Oseyan Atlantik la, ki yo menm tou chaje imidite, lè yo kontre ak mòn nan nò a, yo oblije monte, yo refwadi, epi yo vin bay lapli. Se sa yo rele « effet orographique » nan lang franse, daprè presizyon espesyalis la.
Se rezon sa ki fè, menm si nou poko nan sezon lapli, pozisyon rejyon depatman Nò a ak relyèf li (mòn yo) kreye kondisyon pou gen lapli souvan nan peryòd mwa desanm pou bout mwa avril.
Gwo lapli ki t ap tonbe san rete depi douvanjou madi 24 fevriye 2026 la, te lakoz vil Okap paralize. Kanal « Zetriye » debòde, li pote fatra ak dlo k ap koule desann al anvayi katye ki toupre yo. Nan Petitans, Fò Sen-Michèl (antre sidès), Sent Filomèn, Chanpen ak Site di Pèp (antre sidwès), abitan yo te oblije deplase mèb ak aparèy elektwomenaje pou evite deblozay.
