Yon nouvo gwo kè sote sanitè frape Etazini apre otorite yo konfime yon sitwayen ameriken teste pozitif ak Hantavirus, yon viris ki deja lakòz plizyè ka lanmò. Ka a soti nan yon bato kwazyè kote OMS te deja dekouvri yon fwaye enfeksyon ki mete plizyè dizèn pasaje anba gwo siveyans medikal.
Yon sitwayen ameriken, otorite yo poko revele idantite li, teste pozitif ak Hantavirus apre li te fè pati yon gwoup 17 Ameriken ki te sou bato kwazyè kote yo te dekouvri fwaye viris la semèn pase a. Dapre enfòmasyon ki disponib yo, moun sa yo te rive Etazini lendi 11 me 2026 la epi yo te transpòte sou yon baz militè amerikèn nan Nebraska avan yo mete yo an karantèn.
Anplis moun ki deja teste pozitif la, gen yon lòt pasaje ki deja ap prezante sentòm viris la, sa ki ogmante enkyetid otorite sanitè yo. Sitiyasyon an vin pi tris lè OMS fè konnen yo deja idantifye plizyè ka sou bato a, pandan omwen 3 moun deja pèdi lavi yo akoz viris la.
Jiska dimanch 10 me 2026 la, yon total 94 pasaje te deja evakye nan bato kwazyè a pandan operasyon ijans yo t ap kontinye. Dosye sa a deja mete sistèm sante entènasyonal yo sou gwo alèt, pandan anpil kesyon ap poze sou nivo pwopagasyon viris la ak risk li kapab reprezante pou Ayiti.
