Iran–Etazini : men 10 kondisyon « te vèvenn » Teheran mete sou tab la pou l mete bout nan lagè a

Èske n ap rive nan yon vire istorik, oswa se yon gwo batay diplomatik san parèy k ap vini ? Pandan tansyon yo rete trè cho nan Mwayen Oriyan an, Iran voye bay Etazini yon pwopozisyon ki gen 10 pwen pou yon akò lapè jeneral. Yon dokiman ki pote gwo egzijans, ki ka chanje balans rejyon an… oswa fè negosyasyon yo echwe.

Nan yon kontèks lagè ouvè depi 28 fevriye pase a ak blokaj estratejik nan detwa Òmouz la, Teheran monte presyon an. Daprè plizyè sous, Iran mande yon angajman klè pou pa gen agresyon nan men Washington, ansanm ak retrè total fòs ameriken yo nan rejyon an ak yon sispansyon konplè tout ying-yang, menm kont alye li yo tankou Hezbollah.

Men reklamasyon yo pa limite sèlman sou kesyon militè. Iran mande tou leve tout sanksyon yo — prensipal ak segondè — ansanm ak anilasyon tout rezolisyon entènasyonal kont li, sitou sa yo ki soti nan Konsèy Sekirite Nasyonzini an. Se yon gwo egzijans ki ta ka pèmèt peyi a retounen totalman sou sèn entènasyonal la.

Sou plan estratejik, Teheran vle kenbe kontwòl li sou detwa Òmouz la, yon pasaj kle pou enèji mondyal, pandan li ap eseye enpoze vizyon pa li sou yon nouvo lòd rejyonal. Pozisyon sa a antre nan yon lojik presyon, paske pasaj sa a vin tounen yon gwo zam jeyopolitik nan konfli a.

Anboutfen, Iran mande pou yo dedomaje l finansyèman pou domaj li sibi yo, ansanm ak rekonesans dwa li pou li anrichi iranyòm — yon kesyon ki toujou mete li menm ak Etazini nan gwo bouch ouvè depi plizyè ane.

Malgre yon trèv pwovizwa 2 semèn Donald Trump anonse pou fasilite diskisyon yo, yon akò dirab toujou pa sèten. Dezakò yo rete pwofon, epi egzijans Teheran yo parèt difisil pou Etazini aksepte jan yo ye a.

Si l gen yon bagay ki klè : 10 kondisyon Iran yo pa sèlman yon pwopozisyon… men yon veritab tès fòs nan yon konfli ki deja gen konsekans ekonomik sou tout mond lan.

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *