Tranblemanntè : men kisa pou w fè si ou nan yon kay oswa si ou nan lari

Depi dimanch pase jouk jounen jodi, tè plizyè rejyon peyi a ap plede tranble anba pye sitwayen yo. Goudougoudou ka rive nenpòt ki lè an Ayiti epi yo toujou reprezante yon gwo menas pou lavi moun ak byen yo. Konnen kijan pou reyaji vit, kit ou lakay ou oswa nan lari, kapab sove lavi w epi limite risk blesi pandan ak aprè sekous la.

O-News 1ère ap fè w konnen, lè gen tranblemanntè, premye bagay ki enpòtan se rete kalm epi pran bon desizyon rapid pou pwoteje lavi w. Ayiti se yon peyi ki ekspoze anpil ak risk sismik, kidonk li enpòtan pou tout moun konnen kijan pou reyaji, kit yo anndan yon kay oswa deyò nan lari.

Si ou andedan yon ti kay oswa yon gwo chanmòt, pa kouri deyò pandan tè a ap tranble. Chèche pwoteksyon anba yon tab solid, yon biwo oswa bò yon miray ki solid. Pwoteje tèt ou ak kou ou ak bra w oswa ak yon objè. Rete lwen fenèt, glas, etajè oswa nenpòt bagay ki ka tonbe sou ou. Pa itilize eskalye ni asansè pandan goudougoudou a. Rete kote ou ye a jiskaske tranbleman an fini.

Si ou nan lari oswa deyò, deplase rapidman pou w ale nan yon espas ki lwen kay, poto elektrik, pye bwa oswa miray ki ka tonbe. Si ou nan yon machin, kanpe nan yon kote ki an sekirite epi rete andedan machin nan jiskaske sekous la pase. Aprè tranblemanntè a, rete vijilan paske ka gen lòt sekous ki vini aprè, epi swiv konsèy otorite Pwoteksyon Sivil yo.

O-News 1ère pataje enfòmasyon sa yo avèk nou nan lide pou ede nou pwoteje tèt nou sizonka, akoz Ayiti toujou ekspoze ak risk goudougoudou. Teritwa a gen fay « Enriquillo-Plantain Garden » nan sid, ak fay Septantriyonal nan nò ki travèse l, sa ki fè peyi a rete vilnerab ak sekous sismik, menm lè yo gen yon mayitid ki ba.

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *