Yon granmoun 84 lane nan Pòtoriko leve kanpe kont sipèsta Bad Bunny, li di atis la ta itilize epi rekreye kay li nan yon show san pèmisyon l. Dosye a deja devan lajistis, ak gwo kesyon sou vi prive ak dwa pwopriyete.
Román Carrasco Delgado, yon ti lepè 84 lane ki rete Pòtoriko, depoze yon plent nan tribinal kont Bad Bunny aprè li remake yon kay ki sanble ak pa li te parèt nan gwo show Super Bowl la dimanch pase a. Daprè li, pwodiksyon an ta pran modèl kay li san otorizasyon l.
Mesye Román esplike depi lè sa a, anpil moun ak touris ap debake lakay li pou vin gade « kay Bad Bunny a ». Sitiyasyon sa a, selon li, boulvèse lavi pèsonèl li, retire trankilite li epi mete l nan gwo detrès emosyonèl.
Kounye a, li mande omwen 1 milyon dola dedomajman ak enterè pou domaj li sibi. Ka sa a deja ap fè anpil pale nan Pòtoriko, pandan fanatik atis la ak defansè dwa moun yo ap swiv dosye a ak anpil atansyon.
