Aprè plizyè ka trajik nan Petyon-Vil ak Okap, kesyon sou monoksid kabòn (CO) vin sou devan sèn nan. Gaz sa a, ki pa gen koulè ni odè, ka touye san bri. Enfòmasyon ak prevansyon kapab sove lavi.
Semèn pase a, 2 jèn — Naïssa Tima ak Wendell Haurry Dorlus — pèdi lavi yo aprè yo te jwenn yo san konesans anndan yon machin motèl t ap mache, nan yon espas piblik nan Petyon-Vil. Gen sispisyon se monoksid kabòn (CO) ki ta lakòz dram sa a. 2 lòt ka menmjan an te deja rapòte Okap dènyèman, sa ki mete popilasyon an sou gwo kesyon sekirite.
Monoksid kabòn se yon gaz motè machin pwodwi. Li pa gen koulè ni odè, sa ki fè li difisil pou remake. Daprè espesyalis yo, lè motè yon machin ap mache pandan machin nan kanpe, espesyalman nan espas fèmen oswa kote van pa byen sikile, gaz sa a ka ogmante rapidman epi tounen yon gwo danje pou lavi moun.
Efè CO sou sante ka parèt piti okòmansman : maltèt, toudisman, dòmi pran w fasil, konfizyon, vwomisman, sa vle di gaz la kòmanse entoksike sèvo w. Men, si moun lan kontinye rete nan espas kote monoksid kabòn lan ye a, li ka pèdi konesans epi menm mouri, se sa espesyalis sante yo fè konnen. Se poutèt sa menm yo rele li yon « asasen silansye ».
Prekosyon pou pran : Pa kite motè machin ou ap mache lontan pandan machin lan kanpe, sitou nan garaj oswa espas fèmen. Toujou verifye si tiyo echapman machin lan anfòm. Evite dòmi nan machin motè l ap mache pandan li kanpe. Asire bon vantilasyon kote gen motè k ap fonksyone. Enfòme fanmi w ak zanmi w sou risk monoksid kabòn (CO) gen sou sante moun. Yon ti vijilans ka sove lavi.
