Soti mas 2024 rive desanm 2025, non Carel Pedre site nan 3 dosye jidisyè Ozetazini

Pou twazyèm fwa, non Carel Pedre, animatè ak jounalis ayisyen, parèt nan rejis jidisyè Ozetazini, atravè 3 dosye diferan, pami yo gen 2 dosye sivil ki deja fèmen epi yon dosye kriminèl ki toujou ap kontinye.

Premye dosye a te depoze 13 mas 2024 devan Broward County Family Court. Li te mete bab pou bab Soraha Papillon ak Carel Pedre. Plenyant lan te mande yon lòd pwoteksyon pou « stalking violence (arasman) ». Menm jou a, jij la te rejte demann lan, paske pa t gen ase prèv. Dosye a te fèmen ofisyèlman, ak yon lòd final ki date 21 jiyè 2025.

Dezyèm dosye a, ki te depoze tou 13 mas 2024 devan menm tribinal la, ta pral mennen Carel nan rakonte aprè Erwin Papillon te fin pote plent pou li, pou menm kalite akizasyon « stalking violence ». Ankò, tribinal la te refize demann lan menm jou depo a. Dosye a te rejte epi fèmen, ak yon desizyon final ki antre an vigè 17 jiyè 2025.

Nan 2 pwosedi sivil sa yo, moun ki te pote plent yo te mete devan tribinal la akizasyon arasman. Sepandan, jij la te konsidere prèv yo kòm ensifizan, sa ki te mennen nan rejè tou 2 plent yo.

Twazyèm dosye a, ki pi resan an, se yon dosye penal. Li te anrejistre 22 desanm 2025, aprè arestasyon Carel Pedre 21 desanm 2025 lan. Se Broward Sheriff’s Office ki te mennen operasyon an. Akizasyon yo klase kòm « Domestic Violence – Battery (touch or strike) », sa vle di vyolans domestik ak kontak fizik. Nan dosye sa a, se Leta Florid ki pote plent lan. Carel Pedre plede non-koupab, epi pwosedi a toujou ankou, san okenn kondanasyon pou kounye a.

Kontrèman ak 2 dosye sivil ki te la anvan yo, nouvo eskonbrit sa se yon pwosedi kriminèl, ki mete animatè vedèt la dirèkteman nan rakonte ak otorite jidisyè yo nan Eta Florid.

Nan etap sa a, prensip prezonpsyon inosan lan toujou kanpe. Si yo ta jwenn Carel Pedre koupab, lalwa ap fè chimen li. Okontrè, si li inosan, yon non-lieu (klasman san suite) dwe pwononse.

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *